Yon posib kriz gaz ap Wonwonnen.
- konektem info
- il y a 4 jours
- 1 min de lecture
Depi ayè Jedi 19 novanm nan, plizyè estasyon gaz nan komin Delmas te anba gwo tansyon, kote anpil nan yo te fèmen pòt yo pi bonè pase lè nòmal. Daprè temwayaj chofè taksi ak chofè moto yo, plizyè ponp te deja sispann vann depi nan ayè maten, yon sitiyasyon yon repòtè nan media Vant Bèf Info (VBI) te konfime sou plas.
Nan ti kras estasyon ki rete ouvè yo, yon liy chofè transpò piblik te rasanble pou eseye ranpli rezèv yo anvan sitiyasyon an vin pi grav. “Nou pa konn si gaz ap vin demen,” se sa plizyè chofè te deklare, pandan yo eksprime kè sote pou aktivite yo ki depann totalman de disponiblite gaz la.
Sous enfòmasyon nan zòn nan fè konnen, depi ayè apremidi, endividi ame t a sèvi ak gwo kamyon pou bloke aksè ki mennen nan Terminal Varreux, pwen estratejik kote kamyon-sitèn vin chaje gaz anvan yo redistribye l nan ponp yo atravè Depatman Lwès la.
Terminal Varreux se yon "nœud" vital nan sikilasyon pwodwi petwolye yo an Ayiti. Nan plizyè okazyon deja, blokis nan menm zòn nan te lakoz gwo rate gaz ki te paralize lopital, medya, faktori ak plizyè antrepriz. Nan epòk sa yo, anpil enstitisyon te oblije sispann sèvis yo akoz mank gaz pou fè ekipman yo fonksyone.
Pou kounye a, otorite yo poko konfime ofisyèlman blokis la, men temwayaj ki monte yo deja lakoz popilasyon an ap enkyete fas ak lide yon lòt kriz gaz pou fen ane a.











Commentaires