top of page

Natcom bay Ekip Nasyonal la 13 Milyon Goud Kòm Rekonpans.

Natcom eksprime fyète l pou gwo viktwa Seleksyon Nasyonal la ki pèmèt Ayiti rantre nan Mondyal 2026 la. Nan yon nòt piblik, konpayi an felisite tout jwè yo ak ekip teknik la pou jefò ki mete peyi a nan yon nouvo moman espwa ak motivasyon.


Pou make bèl eksplwa sa a, Natcom anonse yon kontribisyon espesyal 13.000.000 goud an favè Seleksyon an. Jès sa, dapre direksyon konpayi an, se yon fason pou sipòte travay disipline Grenadye yo epi ankouraje yo kontinye fè drapo a briye nan pi gwo konpetisyon foutbòl mondyal la.


Nan mesaj li, Natcom renouvle angajman l pou toujou soutni inisyativ, pwojè ak reyalizasyon ki pote fyète ak valè pou peyi a. Konpayi an di li rete ouvè pou akonpaye tout sa ki kapab ranfòse imaj Ayiti sou sèn entènasyonal la.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page