top of page

Ayiti Kalifye pou Mondyal 2026: Yon foul Emosyon!

Yon gwo vag emosyon te travèse prensipal vil peyi a, apre Grenadyè yo rive pran yon kalifikasyon istorik pou Mondyal 2026, k ap dewoule Ozetazini, Kanada ak Meksik. Menm san elektrisite, plizyè santèn milye moun te desann nan lari, ayèreswa 18 novanm 2025 lan, pou selebre viktwa a, yon viktwa ki rive menm jou batay istorik Vètyè a.


Siksè Ayiti a, ki te genyen match retou a kont Nikaragwa 2–0, pa t sèlman fè popilasyon an tranble. Li te soulve anpil reyaksyon sou plan nasyonal ak entènasyonal. Anbasad Lafrans te prezante felisitation li imedyatman apre anons ofisyèl la, mete aksan sou siyifikasyon dat 18 novanm nan nan memwa kolektif la, epi salye travay antrenè Sébastien Migné. Etazini te voye pawòl ankourajman tou, mete an avan rezilyans, travay serye ak talan ekip nasyonal la.


Nan premye reyaksyon Leta ayisyen, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te salye yon “nouvo paj ki ekri nan listwa peyi a”. Li te remèsye jwè yo ak ekip teknik la epi envite pèp la gade douvan pou randevou 2026 la. FIFA, nan yon deklarasyon ofisyèl, te raple Ayiti pral jwe twazyèm patisipasyon li nan Koup Monn nan, 52 ane aprè 1974.


Prezidan Gianni Infantino te dekri kalifikasyon an kòm yon “rezilta chache ak merite”. Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) te pibliye pwòp nòt li, kote li te pale de yon viktwa istorik ki sòti nan disiplin ak detèminasyon Grenadyè yo, pandan li raple wòl senbolik dat 18 novanm nan nan konsyans kolektif la.


Nan plizyè zòn nan kapital la ak komin ki toupre yo, tankou Petyonvil ak Delma, foul moun te pran lari, balanse drapo epi selebre san rete, sa ki te mete sikilasyon an tèt anba jouk byenta nan lannwit. Sou plan rejyonal, nan faz kalifikasyon Concacaf la, Panama, Curaçao ak Ayiti fini an tèt gwoup yo epi jwenn tikè dirèk yo. Sirinam ak Jamayik, yo menm, ap pase nan match baryaj yo.


Kalifikasyon sa a vin ajoute yon nouvo moman fyète pou peyi a. Anpil Ayisyen wè l kòm yon souf espwa, sitou nan yon epòk kote bon nouvèl yo ra, men ayèreswa, grenadye yo pote limyè.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page