top of page

Duckens Nazon louvri yon chimen lapè ak jounalis Gregory Bleu-Ciel.

Duckens Nazon, atakan seleksyon nasyonal la, pran lapawòl sou rezo sosyal yo pou l lanse yon mesaj rekonsilyasyon dirèkteman bay Gregory Bleu-Ciel, jounalis ki te an konfli piblik ak li pandan jou ki sot pase yo.


Nan yon tèks chaje ak emosyon, Nazon raple kijan Gregory te konn joure l, degrade l sou rezo yo, menm rive nan pwen pou fè l santi dout sou pwòp valè li. Men, daprè atakan an, se lanmou li pou Ayiti ki te anpeche l replike ak yon diskou rayisman: « Ou te trennen m desann nan pwen ki pi ba a… jiska yon nivo pou fè m rayi tèt mwen. Men batay mwen te toujou sensè: pou Ayiti. »


Konflit ant Nazon ak Gregory Bleu-Ciel pa t pase inapèsi. Plizyè videyo ak analiz sou entènèt la te kreye tansyon nan tou de bò yo, espesyalman apre presyon ki te gen sou seleksyon an, pandan li t ap chache kalifikasyon pou Mondyal 2026 la. Pandan peryòd sa, non Gregory Bleu-Ciel te parèt nan anpil diskisyon kòm youn nan vwa ki te pi sevè ak pi kritik kont Nazon.


Malgre tout sa, jwè a chwazi fè yon jès nou pa wè souvan nan milye espòtif Ayisyen an, li deklare li padone Jounalis la piblikman, epi li mande padon tou, kote l kore l ak pawòl puisan ki di « Nou se Ayisyen », « se pou n pi gran. »


Plizyè ekspè nan medya espòtif konsidere jès la kòm yon imaj grandè ak solidè nan relasyon ant fanatik yo, medya yo, ak jwè yo. Genyen ki wè ladan yon apèl pou pi plis respè ant aktè yo, espesyalman nan yon epòk kote rezo sosyal yo souvan tounen zòn konfwontasyon.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page