Sòlda Bayameyen yo kite Ayiti san okenn rezilta konkrè.
- konektem info
- il y a 7 jours
- 1 min de lecture
Yè mèkredi 7 me 2025 lan, premye gwoup sòlda Bayameyen ki te deplwaye an Ayiti kòm pati nan Misyon Miltinasyonal Sipò Sekirite a (MMSS) retounen Bayamas apre sis (6) mwa misyon. Yo te akeyi ak lonè pa Minis Sekirite Nasyonal Bayamas la, Wayne Munroe, ansanm ak lòt otorite militè.
Depi sòlda Bayameyen yo te rive an Ayiti, objektif prensipal la te pote sekirite ak estabilite nan yon peyi k ap fè fas ak yon kriz ensekirite san parèy. Sepandan, malgre jefò sa yo, nivo vyolans lan pa diminye, sa ki fè anpil moun poze kesyon sou efikasite ak reyèl objektif misyon entènasyonal sa a.
Plizyè sektè nan sosyete a kontinye eksprime enkyetid yo pandan y ap mande pou nouvo estrateji pou konbat ensekirite a, pandan fòs miltinasyonal la ap fè retrè youn apre lòt san okenn solisyon konkrè.
Comments