Yo touye yon koup Delmas 41 devan pitit yo ki t ap al lekòl, timoun nan blese.
- konektem info
- 6 mai
- 1 min de lecture
Jodi madi 6 me 2025 lan, yon lòt zak vyolans tranble vil Pòtoprens maten an, kote yo asasinen yon koup pandan yo t ap mennen pitit yo lekòl nan zòn Delmas 41. Timoun nan, ki te andedan machin nan, pran bal tou epi yo mennen l prese lopital.
Dapre enfòmasyon ki disponib yo, viktim yo t ap deplase nan yon machin Toyota nwa ki gen plak AA-49993, lè yon lòt machin yo pa idantifye te parèt ak nèg ame ladan l, epi louvri kout zam sou yo. Plizyè temwen di asayan yo kite espas la vit, pou direksyon Kafou Ayopò. « Nou pa menm gen tan wè machin nan byen. Men apre kout zam yo, li vole ale ak tout vitès », se sa yon moun nan katye a deklare, tou chòke.
Lapolis ak yon jij de pè te sou plas pou fè konsta legal la. Jiskaprezan, otorite yo poko bay okenn detay sou idantite viktim yo ni sou sa ki t a ka lakòz atak sa a. Zak sa a vin mete sou lis long vyolans k ap sakaje kapital la, epi li ogmante plis toujou sansasyon trajik pèp la ap viv, pandan apèl pou plis sekirite ap ogmante chak jou.
Commentaires