Meri Dèlma Kondane Zak Vandalizasyon sou yon espas li nan Katalpa 8.
- konektem info
- il y a 7 jours
- 1 min de lecture
Nan yon konferans pou laprès ki fèt mèkredi 6 Me 2025 lan, nan palè minisipal dèlma a, biwo kominikasyon Meri Dèlma a denonse ak tout fòs zak vandalizasyon ki fèt sou yon espas ki sitiye nan Katalpa 8, kote administrasyon an gen plan pou konstwi yon sant lwazi pou timoun.
Dapre Freegens Marshall , youn nan manm ekip kominikasyon meri a, pandan wikenn ki sot pase a, yon gwoup moun te travèse mi ki delimite espas la pou antre ilegalman. Aksyon sa a lakòz domaj enpòtan: uit (8) vit machin kraze, ansanm ak plizyè lòt pèt an tèm de pyès ak materyèl. Espas sa a, ki pou kounye a sèvi kòm garaj pou estasyon machin Meri a remoke, te deja gen yon fonksyon esansyèl nan jesyon transpò ak sekirite nan komin nan.
Pou reponn ak sitiyasyon sa a, Meri Dèlma lanse yon apèl ijan pou tout moun ki ta okipe espas la ilegalman pou kite l san pèdi tan. Responsab kominikasyon an mete aksan sou mezi sevè ki ka pran kont moun ki pa respekte avètisman sa a. Li te raple enpòtans estratejik zòn Katalpa a nan plan sekirite ak devlopman komin nan, e li mete aksan sou angajman Meri a pou kontinye travay pou satisfè bezwen popilasyon Dèlma a, malgre difikilte yo.
Administrasyon an fè konnen li rete mobilize pou mete tout mwayen nesesè an plas pou anpeche latwoublay kontinye ap fèt nan zòn sa a, epi pou garanti sekirite ak byennèt tout sitwayen yo.
Comments