Laura Gil premye fanm ki okipe dezyèm pi gwo pòs nan OEA.
- konektem info
- 6 mai
- 1 min de lecture
Pou premye fwa depi Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) egziste, se yon fanm ki pral okipe plas sekretè jeneral adjwen an. Se diplomat Kolonbyen Laura Gil ki eli lendi pase a pandan yon sesyon espesyal nan Washington.
Gil, ki se anbasadris Kolonbi nan peyi Otrich ak ansyen vis-minis zafè miltilateral, ranpòte eleksyon an ak 19 vwa sou 34. Li devanse Pewouvyèn Ana María Sánchez, ki te resevwa 13 vwa, pandan Claudia Escobar soti Gwatemala te elimine nan premye tou a. Li pral ranplase Néstor Méndez nan dat 17 jiyè 2025, e l ap gen pou travay bò kote diplomat Sirinameyen Albert Ramdin, ki eli kòm sekretè jeneral pou ranplase Luis Almagro.
Manda Laura Gil lan ap dire 5 lane, ak posiblite renouvèlman yon sèl fwa. Li gen pou misyon jere ak kòdone aksyon sosyal, ekonomik ak politik òganizasyon an, epi mennen misyon diplomatik bò kote lòt peyi manm yo. Pou Luz Elena Baños, reprezantan pèmanan Meksik la ki te prezide sesyon an, eleksyon Gil lan se yon "jès istorik" ki make yon avanse enpòtan nan lit pou egalite fanm ak gason nan estrikti rejyonal yo.
OEA, ki se pi ansyen òganizasyon rejyonal sou planèt la, kontinye mete aksan sou lapè, jistis, souverènte ak diyite tout peyi manm li yo.
Comments