top of page

Sektè mizikal evanjelik la andèy : Maestro Elie Pierre mouri.

Nan sektè mizikal evanjelik la, li pa janm fasil pou fè fas ak pèt yon figi anblèm ki make jenerasyon an. Jodi a, tout kominote a plonje nan lapenn apre nouvèl lanmò Maestro Elie Pierre, chantè prensipal gwoup Revelasyon an. Li mouri a 54 lane, nan Madi maten 13 me 2025 lan, anviwon 9è, nan lopital Espoir, ki twouve l nan Delmas 75, akoz yon arè kadyak.


Maestro Elie Pierre se te yon pilye nan mizik kretyen an Ayiti. Anplis  gwoup Revelasyon, li te fè pati fòmasyon Zetwal. Avèk yon vwa puisan epi yon angajman espirityèl solid, li make lespri anpil fidèl avèk zèv li yo. Pami mizik ki make karyè li yo, nou ka site "Li kanpe" ansanm ak Youdène Delphin, "Fè sa ou vle nan kè mwen", san konte plizyè lòt kolaborasyon ki kontinye enspire kominote a.


Lanmò Maestro Elie Pierre pote yon gwo chòk nan mitan kominote kretyen an. Plizyè moun ap voye mesaj senpati sou rezo sosyal yo pou fè lwanj pou angajman ak devosyon l nan ministè li. Yo sonje li kòm yon moun ki modès, pasyone epi devwe pou travay Bondye.


KonekteM ap tann plis enfòmasyon ofisyèl pandan n ap kontinye eksprime tout senpati nou bay fanmi Maestro Elie Pierre, zanmi l yo ak tout manm gwoup Revelasyon an. Eritaj mizikal li ap kontinye enspire jenerasyon k ap vini yo.

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page