Lafimen nwa pou Premye jou Konklav la.
- konektem info
- 8 mai
- 1 min de lecture
Yon seremoni enpòtan fèt nan chapèl Sixtine nan Vatikan, kote 133 kadino ki pral eli nouvo Pap la te prete sèman solanèl. Dapre imaj Vatikan pibliye yo, kadinal yo te angaje tèt yo pou kenbe sekrè sou vòt yo ak sou tout diskisyon ki gen rapò ak chwa siksesè Pap François. Anvan konklav la kòmanse, yo te asiste yon mès espesyal pou eleksyon pontif Women an, ki te dewoule nan bazilik Sen Pyè nan Vatikan, yè mèkredi 7 me 2025 lan.
Men, malgre jefò yo, premye jounen seyans vòt kadinal yo pa t abouti sou yon nouvo Pap. Sa ki te fè, nan aswè menm jou a, anviwon 9 è, lafimen nwa te sòti nan chemine chapèl Sixtine nan, yon siy ki montre premye vòt la pa te reyisi.
Kòm Pap la poko eli, konklav la ap kontinye jodi jedi a, kote yo prevwa plizyè sesyon vòt nan maten epi apremidi. Legliz Katolik atravè monn nan kontinye priye pandan y ap tann nouvèl enpòtan sa a.
Comments