top of page

Robert Francis Prevost: Premye Pap Ameriken nan listwa Legliz Katolik.

Yon nouvo chapit ouvè nan Legliz Katolik, jedi 8 me 2025 lan, lè Kadinal ameriken Robert Francis Prevost  eli kòm Pap. Apre de (2)  jou konklav ki te fèt nan chapèl Sixtine, nan Vatikan, lafimen blan te sòti a 18:08 pou anonse chwa li kòm 267yèm Pap, li pran non Léon XIV. Li se premye sitwayen ameriken ki monte sou fotèy Sen Pyè a.


Kadinal Prevost, ki fèt 14 septanm 1955 nan Chikago, Etazini, te pase plis pase 30 ane kòm misyonè nan Perou, kote li te sèvi kòm evèk soti 2015 rive 2023. An 2023, Pap François te nonmen li kòm prefè Dikastè pou Evèk yo, yon wòl enpòtan ki gen rapò ak nonmen evèk atravè lemond.


Nan premye diskou li sou balkon bazilik Sen Pyè a, Pap Léon XIV te eksprime volonte li pou kontinye travay Pap François te konn fè pou mete Legliz la pi pre moun ki pi vilnerab yo. Li mete aksan sou lapè, dyalòg, ak evanjelizasyon. Fidèl yo ak plizyè lidè relijye eksprime espwa nouvo Pap la pral pote, yon nouvo dinamis ak espirityalite nan Legliz la.

Yorumlar

5 üzerinden 0 yıldız
Henüz hiç puanlama yok

Puanlama ekleyin
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page