top of page

Carlo Ancelotti pran tèt Seleksyon Brezil la.

Youn nan pi gwo seleksyon foutbòl nan listwa, gen yon nouvo lidè: Carlo Ancelotti, yon antrenè ki make listwa ak anpil viktwa, rive pran kòmandman Seleksyon Brezil la. Se Ednaldo Rodrigues, prezidan CBF la, ki anonse nouvèl sa , yè lendi 12 me 2025 lan. Ancelotti pral mennen ekip "Amarelinha" a jiska Koup Mond nan an 2026, epi l ap kòmanse travay avèk seleksyon an pandan de (2) pwochen match Eliminatwa yo kont Ekwatè ak Paragwe mwa pwochen.


Pou Rodrigues, chwa Ancelotti a se pa sèlman yon mouvman estratejik, men yon deklarasyon mondyal ki montre volonte Brezil pou reprann plas li nan tèt podyòm lan. "Pote Carlo Ancelotti pou pran kòmandman Brezil se plis pase yon mouvman estratejik. Se yon deklarasyon bay mond lan pou di nou detèmine pou reprann pi gwo plas la. Li se pi gwo antrenè nan listwa epi kounye a, li pran tèt pi gwo seleksyon planèt la. Ansanm, n ap ekri nouvo chapit klere nan foutbòl brezilyen," se sa Ednaldo Rodrigues deklare.


Ancelotti, ki se youn nan antrenè ki gen plis tit nan mond nan, pral gen misyon pou mennen Seleksyon Brezil la tounen nan tèt sèn foutbòl mondyal la, avèk menm pèfòmans avan an.

Komentáre

Hodnotenie 0 z 5 hviezdičiek.
Zatiaľ žiadne hodnotenia

Pridajte hodnotenie
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page