Operasyon ICE nan restoran Washington: Gwo Enkyetid.
- konektem info
- 8 mai
- 1 min de lecture
Nan jounen madi 6 me 2025 lan, ajan imigrasyon ICE te fè operasyon nan omwens nèf (9) restoran nan Washington. Dapre medya lokal yo, ofisye federal yo te pase nan plizyè katye popilè tankou U Street, 14th Street, Chinatown, Dupont Circle, ak Mount Vernon Triangle. Yo te mande anplwaye yo pou idantifye tèt yo epi montre prèv otorizasyon travay nan peyi Etazini.
Aksyon sa a soulve enkyetid nan mitan kominote a. Asosyasyon Restoran Metwopolitèn Washington, ki reprezante plis pase 60,000 restoran nan zòn nan, eksprime kè sote yo sou konsekans operasyon sa yo ka genyen sou antrepriz yo ak kominote a. Sa ki fè, majistra Washington nan, Muriel Bowser, te fè konnen aksyon sa yo deranje li anpil. Li deklare: "Yo banm rapò sa pandan tout jounen an. Sa boulvèse m. Sanble se pa menm kriminèl yo sible."
Plizyè responsab restoran rapòte ajan federal yo avèti yo pou yo prepare, paske y ap retounen nan twa (3) jou. Sitiyasyon sa a kontinye kreye tansyon ak enkyetid nan vil Washington.
Comentários