Pastè Olivert Steril pèdi lavi l nan chèche mete lapè.
- konektem info
- 22 juil.
- 1 min de lecture
Tristès anvayi rasanbleman kretyen Legliz Sur le Rocher, aprè lanmò trajik jèn pastè Olivert Steril, ki pèdi lavi l lendi apremidi 21 jiyè 2025, nan zòn Delmas 19.
Daprè temwayaj ak enfòmasyon ki rasanble, pastè a te resevwa twa (3) kout kouto, pandan li t ap eseye mete lòd nan yon diskisyon ki te enplike papa li, yon polisye. Sous yo fè konnen agresè a, ki poko idantifye ofisyèlman, t a mouri sou plas aprè ensidan an.
Disparisyon Olivert pa frape sèlman legliz li a, men tou, tout moun ki te konnen li kòm yon jèn angaje, ki te chwazi mete lavi li nan sèvis Bondye ak kominote li.
KonekteM voye tout senpati li bay fanmi an, legliz la, ak tout moun ki afekte pa doulè sa a.
Komentar