top of page

Vizit anbasadè Espay la nan baz MMSS la.

Pandan yon vizit ofisyèl jodi 17 jiyè 2025 lan nan baz Misyon Miltinasyonal Sipò ak Sekirite an Ayiti (MMSS), anbasadè Espay la, Marco Peñín, reyafime angajman peyi li pou estabilize Ayiti. Li te rankontre ak kòmandan G. Otunge pou diskite sou avansman misyon an ak defi sekirite ki kontinye ravaje peyi a. Anbasadè a te ofri bibliyotèk baz la liv an panyòl ak materyèl edikatif, kòm yon jès pou soutni fòmasyon entèlektyèl sòlda yo.


Anplis sa, Espay voye de (2) ajan espesyalize, youn nan Guardia Civil ak lòt la nan Policía Nacional Española, pou sèvi nan biwo Mèkànis Miltilateral Sipò Sekirite (MMAS) ki baze nan Washington.  Espay mande pou gen pi bon kòdinasyon ant aktè entènasyonal yo pou amelyore efikasite entèvansyon yo.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page