Fòmasyon militè nan peyi Matinik pou 29 sòlda ayisyen nan kad koperasyon SABRE.
- konektem info
- 21 juil.
- 1 min de lecture
Jodi Lendi 21 jiyè 2025 lan, 29 sòlda nan Lame FAD’H kite Ayiti pou Matinik kote y ap gen pou suiv yon fòmasyon entansif pandan de (2) semèn ak 33yèm RIMa (Rijiman Enfantri Marin) Lafrans. Inisyativ sa a fèt nan kad pwogram SABRE, yon akò militè ant Ayiti ak Lafrans ki vize ranfòse kapasite operasyonèl sòlda ayisyen yo.
Fòmasyon an ap mete aksan sou sekirite entèn, jesyon kriz, entèvansyon nan zòn ostil ak taktik kont menas asimetrik, pandan l ap toujou chèche mete Lame Ayisyèn nan nan pozisyon pou reponn ak defi sekirite nasyonal yo. Sa vin pi enpòtan lè nou konsidere vag vyolans lan ki kontinye ap anvayi zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, kote gang kontwole plizyè katye epi mete popilasyon an nan kè sote.
Daprè Anbasad Lafrans, kolaborasyon sa a demontre angajman Lafrans pou ede Ayiti reponn pi byen kriz ensekirite a, gras ak fòmasyon epi pataj eksperyans militè. Gouvènman ayisyen an, li menm, kontinye ogmante bidjè defans lan pou mete FAD’H sou pye kòm yon fòs estratejik nan batay kont enstabilite a.











Commentaires