Anpil Migran denonse move tretman y ap jwenn nan sant detansyon nan Florid, Etazini.
- konektem info
- 21 juil.
- 1 min de lecture
Yon rapò chokan, pibliye pa twa òganizasyon dwa moun, Human Rights Watch, Americans for Immigrant Justice ak Sanctuary of the South, revele kondisyon detansyon imanitè degradan migran yo ap jwenn nan twa (3) sant nan Florid. Migran yo rakonte yo te mennen yo anchene, jete yo nan selil san manje pandan plizyè èdtan, epi lè manje finalman te vini, yo te oblije manje ak bouch yo, atè, « tankou chen ».
Tèmwayaj sa yo soti nan Krome North Processing Center, Broward Transitional Center ak Federal Detention Center, nan Miami. Dapre rapò a, migran yo sibi vyolans fizik, vyolans vèbal, neglijans medikal, fouy abiziv, transfè pinitif ak privasyon volontè. Pi mal toujou, rapò a site de (2) ka lanmò ki t a gen rapò ak neglijans grav, mete anlè akizasyon sou sistèm detansyon imigrasyon Ameriken an, ki deja fè fas ak anpil kritik.
Depi Donald Trump retounen sou pouvwa a an janvye 2025, li ranfòse politik migratwa li a, mete presyon sou ICE pou ogmante ekspilsyon epi kenbe plis moun, menm nan sant ki deja debòde. Oganizasyon yo lanse apèl pou refòm ijan, pandan ICE poko bay okenn repons sou akizasyon yo.











Commentaires