Palmarès Mizik/Videyo Evanjelik – Oktòb 2025
- konektem info
- 1 nov.
- 5 min de lecture
Mwa oktòb 2025 la make yon nouvo etap nan mizik evanjelik ayisyen an. Chak pwojè ki sòti pandan peryòd sa a pote yon santiman rekonesans, espwa ak adorasyon. Ant mizik ki geri, pawòl ki bay fòs, ak videyo ki temwaye, atis yo montre ankò ke levanjil la pa sèlman tande nan pawòl, men li chante nan kè ak nanm moun k ap sèvi Bondye.
Palmarès mwa sa a se yon vwayaj espirityèl kote chak son tounen priyè, chak imaj tounen temwayaj, e chak pwojè montre prezans vivan Bondye nan lavi chak moun.

“Ou se BonDye” – Past. Ammiel Rosilien
Apre plizyè mizik ki make sèn evanjelik ayisyen an, Pastè Ammiel Rosilien retounen ak yon nouvo pwojè adorasyon ki pote tit “Ou se BonDye”, disponib depi 1er oktòb 2025.
Se yon chante ki selebre fòs ak souverènte Bondye, atravè tout epòk ak sikonstans lavi a. Pawòl yo tounen yon priyè k ap monte soti nan fon kè a :
“Jou ak semèn, mwa ak ane,
Anyen pa chanje, Bondye.
Ou se BonDye nan tan pase,
Jodia e pou toutan.”
Ammiel Rosilien kontinye trase chemen l kòm yon atis ki rete fidèl ak misyon li : sèvi ak mizik kòm zouti adorasyon ak temwayaj. “Ou se BonDye” se yon konfesyon vivan, yon deklarasyon lafwa ki envite chak moun rekonèt fidelite Bondye chak jou.
“Haïti (Manman Libète)” – Past. Lochard Rémy
Nan dat 2 oktòb 2025, yon vwa lejandè retounen ak fòs: Pastè Lochard Rémy. Avèk single “Haïti (Manman Libète)”, li pote yon mesaj ki travèse relijyon pou rive nan kè tout Ayisyen.
Chante a se yon melanj lapriyè, pwotestasyon ak deklarasyon lanmou pou peyi li. Nan yon moman kote peyi a ap viv tansyon, mizik sa a vin tankou yon apèl pou rasanbleman ak renesans.
Pastè Lochard Rémy raple pèp la idantite li kòm “manman libète”, e li reafime wòl mizisyen evanjelik yo kòm vwa konsyans ak espwa pou nasyon an. “Haïti (Manman Libète)” se yon deklarasyon nasyonal ak espirityèl.
“Ou Konn Fè Wout, Senyè” – Auralie Antoine
3 oktòb 2025, Auralie Antoine prezante yon cover ki pote mesaj konfyans ak esperans: “Ou Konn Fè Wout, Senyè.”
Avèk vokal ki melanje dousè ak fòs, Auralie ofri yon moman adorasyon ki soulaje nanm. Mizik la se yon temwayaj vivan sou kapasite Bondye pou ouvè chemen, menm kote moun pa wè okenn sòti.
Li kontinye sèvi ak mizik kòm yon zouti pou leve lespri ak ranfòse lafwa, pandan li raple chak moun ke Bondye toujou travay an silans, men avèk presizyon.
“Men Diaman” – Pwojè Vwa yo pa tande yo
Nan yon sosyete kote dwa timoun yo souvan vyole, pwojè “Vwa yo pa tande yo” vin kòm yon repons atistik ak espirityèl.
Premye mizik pwojè a, “Men Diaman”, sòti 3 oktòb 2025, an kolaborasyon ak Diaman ak Delson, anba direksyon Fondasyon Zòn Pa Fè Moun.
Nan videyo a, ki reyalize pa Alexis Eclesiaste ak sipò Media Konekte M, timoun yo pran vwa yo pou rakonte pwòp istwa yo, yon istwa espwa, disiplin ak pwogrè.
Se youn nan yon pwojè albòm ki deja anonse pou 12 novanm 2025, kote chak mizik ap sèvi kòm temwayaj lavi timoun yo nan yon sosyete ki bezwen tande yo plis.
“O Wi Mwen Jwenn Li” – Pasteur Grégory Paul
Depi 12 oktòb 2025, “O Wi Mwen Jwenn Li” disponib sou YouTube. Avèk pawòl pwisan, Pasteur Grégory Paul raple ke Bondye toujou rete fidèl.
Refren an “Wi, mwen jwenn li, sa m t ap chèche” tounen yon deklarasyon kolektif ki fè kè kwayan yo tranble ak rekonesans.
Videyo ofisyèl la, siyen pa Alexis Ecclésiaste, mete aksan sou kè kontan ak remèsiman ki vini lè lapriyè jwenn repons. Mizik sa a se yon rapèl ke Bondye toujou la pou moun ki kwè.
“C’est Pas Normal” – Salomon Lira (Salil)
Toujou nan 12 oktòb 2025, Salomon Lira, ke piblik la konnen sou non Salil, lanse “C’est Pas Normal”, yon mizik ki pote mesaj fò sou lafwa ak verite.
Avèk pawòl ki frape tankou:
“C’est pas normal d’accepter l’anormal
Quand la vérité de Dieu m’a libéré.”
Salil sèvi ak mizik kòm zouti pou leve konsyans ak ranfòse konfyans moun nan verite Bondye. Videyo a, reyalize pa M Production, pote yon dimansyon atistik ak pwofesyonèl ki montre enpak ak vizyon Salil nan mizik evanjelik la.
“Mwen Pa Pou Kont Mwen” – Pastè Joël Léon
22 oktòb 2025, Pastè Joël Léon retounen ak “Mwen Pa Pou Kont Mwen”, yon mizik adorasyon ki pale ak kè moun.
Pawòl yo sonnen tankou pwomès ak konfyans:
“Moun k ap veye m nan li la,
Moun k ap veye m nan p ap jan dòmi.”
Nan yon tan kote anpil moun ap lite ak laperèz, mesaj Pastè Joël Léon pote yon lapè pwofon. Videyo ofisyèl la, siyen pa Ecclésiaste Alexis Films, ilistre prezans Bondye kòm pwoteksyon chak jou. Yon mizik ki raple chak moun ke yo pa pou kont yo, menm nan mitan batay lavi.
“Manifeste” – Rechanka Doristil
25 oktòb 2025, Rechanka Doristil lanse single “Manifeste”, yon mizik adorasyon ki envite moun fè eksperyans prezans Bondye.
Avèk pwodiksyon Salomon Lira ak Genoldens Desulma, Rechanka ofri yon travay ki pote onksyon ak pouvwa.
“Lè Ou desann gen solisyon,
Lè Ou desann gen transfòmasyon…”
Videyo a, reyalize pa KN Visuals Media, kaptire moman adorasyon entans ki fè mizik la tounen yon apèl pou chèche fas Bondye.
“Kote M Te Ye A Te Lwen” – Job Zòn Pa Fè Moun
28 oktòb 2025, atis Job Zòn Pa Fè Moun frape ak yon mesaj fò sou lespwa ak rekonesans nan “Kote M Te Ye A Te Lwen”.
Mizik la se yon temwayaj pèsonèl ki montre kijan Bondye ka chanje lavi yon moun, malgre reyalite difisil ak prejije.
Avèk imaj ki touche, videyo a montre evolisyon atis la ak solidarite li pou tout moun sosyete a souvan neglije. Se yon mizik ki pale ak tout moun ki santi yo dekouraje, pou raple yo ke plas yo toujou egziste nan plan Bondye.
Job bay tout fanatik li yo randevou dimanch 16 novanm 2025, nan Palè Minisipal Delmas, pou vant siyati albòm “Vwa Yo Pa Tande Yo.” Pri antre a fikse a 1000 goud.
Yon evènman pou viv ak kè kontan, paske jan Job di l nan mizik li a : “Kote nou te ye a te lwen, men Bondye fè nou rive.”
Palmarès Mizik/Videyo Evanjelik – Oktòb 2025 la se plis pase yon lis mizik: se yon moman adorasyon kolektif, yon vwayaj espirityèl kote chak nòt ak pawòl pote fòs ak direksyon.
Atis yo kontinye montre ke mizik evanjelik ayisyen an ap grandi, ap rafine, epi ap sèvi kòm zouti pou geri kè, ak fè Wayòm Bondye briye.
👉 Rete branche ak KONEKTEM, gade videyo yo, pataje, epi soutni atis yo. Paske chak mizik se yon pawòl k ap viv, chak pawòl se yon limyè pou chemen n.
Redaksyon:
Vanauscheca Bouzy
Konsepsyon Grafik:
Jo-Flung Bouzy & Abdullah Mode











Commentaires