top of page

Palmarès Mizik/Videyo Evanjelik – Septanm 2025

Mizik evanjelik kontinye jwe yon wòl santral nan lavi kwayan yo, kòm mwayen adorasyon ak temwayaj. Chak mwa, nouvo pwojè pote yon melanj kreyativite, lafwa ak pawòl ki enspire kè moun epi ranfòse espwa yo. Pou mwa septanm 2025 lan, plizyè atis prezante nouvo mizik ak videyo ki make yon etap enpòtan nan karyè yo. Se yon seleksyon ki melanje pwofesyonalis ak pasyon, kote chak pwojè sèvi kòm yon zouti pou onore Bondye epi ankouraje jenerasyon aktyèl la.


1. Loutchina Décius – “Mizèrikòd Ou”

Sòti: 5 novanm 2025


Avèk “Mizèrikòd Ou”, Loutchina Décius prezante yon mizik chaje ak pwa espirityèl. Adoratris sila sèvi ak imaj biblik “ti mouton ki egare” pou raple  mizèrikòd Bondye pa janm fini: Li toujou dispoze pou padone epi pote delivrans.


Atis sila, ki jere tèks, vokal, direksyon estetik ak aspè vizyèl pwojè a, montre l kòm yon atis konplè, ki marye vokal ak kreyativite pou yon rezilta enpaktan. Pwodiksyon an fèt pa SheggerBeat (Shegger Stanley Aris), pandan Melody International Groupe avèk Richenn Riché reyalize videyo a.




2. Chantal Saint-Fort selebre fidelite Bondye ak  “Ou Fidèl”

Sòti: 14 septanm 2025


Chantal Saint-Fort, yon pèsonalite enpòtan nan mizik evanjelik ayisyen an, prezante nouvo single li “Ou Fidèl”.


Mizik sa a, pwodui pa Pascal Trazil epi videyo reyalize pa Roby Pierre, se yon adorasyon ki mete aksan sou konfyans, rekonesans, ak fidelite Bondye nan lavi chak Pitit Bondye.


Avèk pawòl ki envite fidèl yo leve men devan Sila ki pi wo a, mizik la kreye yon espas lapriyè ak refleksyon, kote admirasyon ak rekonesans vin premye repons moun k ap adore BonDye.


“Ou Fidèl” ranfòse pozisyon Chantal Saint-Fort kòm yon atis angaje nan mizik evanjelik, k ap sèvi ak talan li pou ranfòse lafwa ak enspire kominote a atravè mizik.



3. Cassandra Guillaume “Not Alone”

Sòti videyo: 21 septanm 2025


Apre yon premye sòti mizik la nan 2024, Cassandra Guillaume prezante videyo ofisyèl “Not Alone” nan mwa septanm 2025. Avèk direksyon Alexis Eclesiaste, pwojè a pote yon dimansyon vizyèl ki mete an valè mesaj espwa li a: menm nan solitid, Bondye toujou prezan.


Pwojè sila pote konsolasyon pou kè kase, fòs pou nanm ki fatige, epi limyè pou moun k ap mache nan fènwa. Yon mizik ki kontinye touche kè kretyen yo atravè verite pawòl li yo.




4. Yvena Jean François  “M’son BeniI”

Sòti: 25 septanm 2025


Yvena Jean François, ki se yon atis, filmmaker, fotograf ak fondatè Radio Yvena TV, pote yon nouvo lyrics video sou YouTube ki rele “M’son Beni”. Mizik la se yon temwayaj pèsonèl sou benediksyon Bondye, ki pa mezire nan richès oswa tit, men nan favè ak lapè li bay.


Pawòl yo raple: “M pa gen pi gwo kay, men mwen gen lapè… M s on Beni, pa pou sa m genyen men parapò ak kiyès ki sou tròn.” Yon mesaj ki pwofon, pou chak moun ki santi yo rejte oswa neglije.




5. Frè Gabe – “Mafya a Bib”

Sòti: 26 septanm 2025


Rapè evanjelik Frè Gabe frape fò ak yon mizik ki pote anpil deba: “Mafya a Bib”. Mizik sila denonse ipokrizi nan legliz yo, kontradiksyon ant pawòl ak aksyon, epi itilize rap kòm zouti koreksyon ak libète nan pawòl.


Pwojè a fèt ak kolaborasyon DonGad Beats (pwodiksyon) ak Pierre Alan Gabriel (direksyon videyo ak edisyon), anba siyati ReD Vision Plus ak Inspiration Divine Studio. Mizik la, dirèk ak san konpwomi, raple  levanjil mande entegrite.


Frè Gabe pwofite anonse gwo pwojè l k ap vini: yon albòm ki rele “IDAW” pou 8 mas 2026, ansanm ak yon toune an Ayiti menm ane a.




6. Frederson Joseph  “Di Mo Pa w La”

Sòti: 28 septanm 2025


Nan nouvo single li a, Frederson Joseph lanse yon apèl pwofon bay Bondye: “Di Mo Pa w La”. Mizik la soulinye depandans kwayan yo sou Bondye kòm Papa ki ka pale, dirije ak chanje lavi yo.


Videyo ofisyèl la, ki sòti anba Son Du Ciel Production ak Bèl Imaj Production. Frederson Joseph kontinye sèvi ak mizik kòm zouti enspirasyon ak adorasyon, raple ke vwa Bondye se sèl ki pote chanjman reyèl.




Palmarès mwa septanm 2025 lan montre divèsite ak richès mizik evanjelik ayisyen an genyen. Chak atis pote yon vizyon, yon mesaj ak yon eksperyans ki fè mizik la depase limit distraksyon pou tounen zouti adorasyon, edikasyon ak liberasyon.


Koute yo, viv yo, pataje yo. Chak like, chak pataj se yon fason pou soutni atis yo epi pèmèt pawòl espwa sa yo rive pi lwen toujou. Paske, plis yo tande mizik sa yo, plis limyè Wayòm Bondye a ap kontinye briye nan kè plis moun chak jou.


Redaksyon:

Vanauscheca Bouzy



Konsepsyon Grafik:

Jo-Flung Bouzy & Abdullah Mode



Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page