top of page

🎶 Palmarès Mizik/Videyo Evanjelik – Jiyè 2025

Dernière mise à jour : 3 août


Gen mizik ki bèl. Gen lòt ki geri. E gen sa yo ki vin tounen prezans Bondye menm nan kè nou, yo konsole nou, epi mete pawòl sou sa nou pa ka eksprime. Mwa aprè mwa, mizik evanjelik kontinye sèvi kòm sous espwa, ak temwayaj vivan sou fidelite Bondye.


Pou mwa jiyè 2025, ekip redaksyon Konektem rasanble uit (8) videyo ki make sèn evanjelik la. Chak chante se yon temwayaj, yon lapriyè, ki ka fè n rete fèm lè n sou wout kite sa. Ann dekouvri ansanm.

ree

1. Ammiel Rosilien – “GOD OF THE MOUNTAIN"

🗓️ Soti: 3 jiyè 2025

🎶 Cover kreyòl “God of the Mountain”


Lafwa pa sèlman chante sou montay, li sonnen tou nan vale.

Ammiel Rosilien mennen nou nan yon meditasyon ak vèsyon kreyòl li sou klasik ameriken “God of the Mountain”. Li mete mo sou verite ki pa janm chanje: Bondye toujou la, ke jou a klere, oswa nwit lan peze.


Yon mizik ki raple nou pou n kenbe lafwa, pa paske tout bagay bèl, men paske Bondye pa janm chanje.



2. Peeterson St Dic feat. Delly Benson – “Ou Fidèl”

🗓️ Soti: 5 jiyè 2025

🎞️ Visualizer


“Ou Fidèl” se pa yon fraz, se yon reyalite nou chante pou’ n pa bliye.

De (2) atis ki pa bezwen prezantasyon mete vwa yo ansanm pou pwoklame ke fidelite Bondye depase silans, tan, ak dout. Mizik la se yon lapriyè konfyans, yon deklarasyon ke Bondye toujou kenbe pawòl li.



3. Tom Karencini Jecrois feat. Fr Gabe – “Chan sa”

🗓️ Soti: 5 jiyè 2025


“Lè m chante chan sa, mwen santi m gen viktwa.”

Fr Gabe ekri l. Tom entèprete l. Yon kolaborasyon ki bay yon chante ki chaje ak lespwa ak konviksyon. “Chan sa” se yon kri pou tout kè ki ap lite an silans.



4. Sr Gabe – “Depresyon Fè Back”

🗓️ Soti: 12 jiyè 2025


Depresyon pa vle di lavi fini. Bondye toujou konn leve kè kase.

Sr Gabe chita sou eksperyans pèsonèl li pou chante yon mizik ki pa dekore verite a. Li pale de fènwa, men li mete limyè sou li tou. “Depresyon Fè Back” se yon bèl temwayaj sou gerizon, lespwa, ak delivrans.



5. Micheley feat. Rosalinda – “Jan’w Wèl La”

🗓️ Soti: 19 jiyè 2025


“Bondye, mwen pa konprann tout bagay… men mwen fè w konfyans.”

Micheley ak Rosalinda mete vwa sou konfyans, malgre dout. Mizik sa a se yon lapriyè limen nan mitan konfizyon, yon chimen ouvè pou moun k ap chèche konprann fason sa Bondye ap travay.



6. Family Group feat. Alexis Fortuné – “Pa Lagem (Remix)”

📅 Soti: 26 jiyè 2025

✍🏽 Tèks & Melodi: Enel Saint Croix

🎶 Pwodiksyon: Koule Kreyòl / Family Group


Gen moman nou santi n pa ka kenbe ankò. Lè tantasyon ap peze, lè batay enteryè vin pi rèd. “Pa Lagem (Remix)” se yon rèl kè k ap chèche sekou Bondye: “Senyè, pa lage mwen.”


Family Group ak Alexis Fortuné pote yon mizik espwa pou tout moun ki konn sa li ye, pou lite chak jou, men ki chwazi pa dekouraje.



7. Valéus Sisters – “Kòmandan”

🗓️ Soti: 27 jiyè 2025


Bondye pa panike. Li se Kòmandan.

Valéus Sisters chante ak konviksyon sou souverènte Bondye. Pou chak kè ki twouble ak ajitasyon, mizik sa a se yon rapèl ke Bondye toujou sou twòn li epi li kontwole tout bagay.



8. Carl Emile feat. Jalia Maignan – “Byen Kanpe”

🗓️ Soti: 30 jiyè 2025


Lè lafwa vin rasin ou, ou kanpe malgre van.

Yon adaptasyon evanjelik sou “4 Kanpe” pa Joé Dwet Filé, men ak mo ki chita sou eksperyans espirityèl. “Byen Kanpe” yon deklarasyon fò sou sa Bondye fè pou moun ki refize dekouraje.



Soti nan Ammiel Rosilien rive nan Carl Emile ak Jalia, chak mizik nan seleksyon sa a se tankou yon moso syèl ki desann sou tè.

Yo raple nou ke Bondye toujou la : fidèl, menm lè silans lan ap peze nou.

Mizik evanjelik se yon langaj espwa, yon fòm lapriyè vivan, yon fòs ki kenbe anpil nan nou djanm chak jou.


Mèsi a tout atis ki chwazi sèvi ak talan yo pou onore Bondye epi soulaje kè ki bouke.


Sonje : mizik sa yo merite al pi lwen. Pataje yo. Se konsa mesaj la ap kontinye viv.


Redaksyon:

Vanauscheca Bouzy



Konsepsyon Grafik:

Jo-Flung Bouzy & Abdullah Mode



Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page