top of page

Nouvo komisyon minisipal nan plizyè vil an Ayiti.

Nan kad yon Konsèy avèk Minis yo, pouvwa an plas la anonse fòmasyon nouvo komisyon pou jere kèk gwo vil nan peyi a, pandan peryòd tranzisyon an, anvan pwochen eleksyon yo fèt. Se Cap-Haïtien, Ouanaminthe ak Jérémie ki deja gen nouvo ekip k ap pran direksyon minisipalite yo.


Pou Kap-Ayisyen, dezyèm vil peyi a, gouvènman an nonmen Angie Bell kòm kòdonatris, ansanm ak Patrick Almonor ak Isaac Pierre-Louis kòm manm. Yo ranplase ekip Yvrose Pierre ki te gen ladan l Patrick Almonor ak Esaüe Lefranc.


Nan Jérémie, nouvo komisyon an ap gen pou kòdonatè Onel Jacinthe, ak Pierre Wilgo Jean Baptiste ak Yvrose Pierre Alexandre kòm manm. Yo ranplase ansyen konsèy kominal ki te dirije pa Sylmatha Pierre, bò kote Joël Jean Baptiste ak Yvrose Pierre Alexandre.


Pandansetan, nan Ouanaminthe, se Jose Tidé ki pran tèt komisyon an, ak sipò Germenson Delmyr ak Adeline Joseph kòm manm. Dapre otorite tranzisyon yo, tout nouvo komisyon sa yo ap jere zafè  minisipalite yo jiskaske eleksyon fèt.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page