top of page

Etazini Double Rekonpans pou Arestasyon Nicolas Maduro.

Gouvènman ameriken an anonse li double montan rekonpans li te pwomèt pou nenpòt enfòmasyon ki ka mennen nan arestasyon prezidan venezyelyen Nicolas Maduro. Rekonpans lan, ki te 25 milyon dola avan, monte kounye a 50 milyon dola. Desizyon sa a, Minis Jistis ameriken an Pam Bondi fè konnen sou rezo sosyal X, konsène tou minis Enteryè Venezyela a.


Dapre Washington, mezi a fèt pou ogmante presyon sou yon rejim yo akize de "Etrangleman demokrasi". Depi apre eleksyon prezidansyèl li te konteste an 2024, Etazini refize rekonèt  Maduro kòm prezidan pou yon twazyèm manda, yo deklare kòm yon eleksyon "ilejitim". Sekretè Deta ameriken Marco Rubio akize lidè venezyelyen an de "kenbe pouvwa ak fòs" epi dirije yon rejim otoritè.


Caracas reyaji ak fòs atravè Minis Afè Etranjè li, Yvan Gil, ki rele mezi a "patetik" epi denonse l kòm yon "gwo operasyon pwopagann politik" pou atire sipò ekstrèm dwat la nan peyi a. An menm tan, Maduro toujou anba yon enkilpasyon jistis ameriken depi mas 2020 pou nakotrafik ak koripsyon, akize kòm yon patisipan nan yon rezo entènasyonal trafik dwòg kote plizyè ansyen lidè nan Amerik Latin deja kondane.


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page