Rantre Lekòl 2025-2026 fikse pou 1ye Oktòb.
- konektem info
- 9 août 2025
- 1 min de lecture
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse rantre lekòl pou ane akademik 2025-2026 ap fèt ofisyèlman mèkredi 1ye oktòb 2025, pou tout lekòl piblik ak prive, depi nan nivo preskolè rive nan segondè. Dapre kalandriye ministè a, ane a ap gen 186 jou lekòl, ak yon kantite èdtan presi pou chak nivo : 844 èdtan pou preskolè, 930 èdtan pou fondamantal, ak 1 116 èdtan pou segondè.
MENFP fè konnen li pral bay yon akonpayman espesyal pou lekòl ki pi an difikilte, sitou nan depatman Lwès, Sant ak Latibonit. Plizyè gwo pwojè ap kontinye pandan ane sa a, tankou refòm nan kourikoulòm nan, ranfòsman ansèyman teknolojik, amelyorasyon nan jesyon lekòl yo, konstriksyon ak reyabilitasyon lekòl, fòmasyon kontinyèl pou pwofesè, agrandisman pwogram kantin lekòl, distribisyon "Liv inik", epi yon dyalòg plis sere ak tout patnè sosyal yo.










Commentaires