Mach Pasifik pou mande jistis pou Wanderson Zamy.
- konektem info
- il y a 5 jours
- 1 min de lecture
Plizyè santèn jèn, ladan yo tiktokè ak blogè enfliyan, te pran lari nan Delmas 83 jiska devan ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP), jodi jedi 21 dawout la. Yo te reyini dènye fòs yo pou mande jistis pou Wanderson Zamy, yon jèn gason 19 lane, ki pèdi lavi l anba bal yon ajan sekirite MENFP, lendi 18 dawout ki sot pase a.
Tout pandan mach la, manifestan yo te lanse slogan « Jistis pou Zamy ! », pandan yo limen bouji nan memwa l. Yo denonse fason otorite yo ap banalize lavi sitwayen yo. Zamy, ansyen elèv kolèj Canado-Haïtien, te mouri apre li te frape pa bal pandan li t ap monte dèyè yon motosiklèt, nan menm moman kote kèk etidyan estajyè t ap reklame lèt nominasyon yo devan ministè a.
Comentários