IBC fè Premye vòl entènasyonal dirèk rive nan Sid Ayiti.
- konektem info
- 10 nov.
- 1 min de lecture
Lendi 10 novanm 2026 la, egzakteman a 10 è nan maten, yon avyon komèsyal IBC Airways poze sou pis ayopò Antoine-Simon, nan Okay ak 30 pasaje ladan l. Avyon sa make yon evènman istorik, kote premye vòl entènasyonal dirèk ki rive nan depatman Sid la.
Depi plizyè mwa, konpayi Sunrise Airways te gen prèske yon monopòl sou tout tip vòl k ap sòti Ayiti, sa ki te lakoz anpil fristrasyon. Pri tikè yo te monte san rete, te gen reta sou reta, plent pasaje yo te pote ki te neglije, sa ki te lakoz vwayajè yo te santi yo abandone. « Popilasyon an bouke. Sunrise pèdi senpati piblik la », dapre analiz Mike Bellot. Li eksplike sa ki koz Ayisyen yo fache a pa sèlman pri yo, men plis toujou, se sansasyon konpayi an t ap pwofite sou kriz la san okenn konsiderasyon pou kliyan li yo.
Nouvo sèvis IBC Airways la vin ranfòse espwa pou plis konpetisyon, pi bon sèvis, ak yon pi bon eksperyans vwayaj pou moun nan depatman Sid la ak tout Ayiti.











Commentaires