top of page

Nicolas Sarkozy jwenn libète apre 20 jou nan prizon.

Jodi Lendi 10 novanm 2025 lan, ansyen prezidan fransè Nicolas Sarkozy jwenn liberasyon l nan prizon "La Santé", ki nan vil Pari. Twa semèn apre yo te mete l anba kòd, nan kad ankèt sou finansman kanpay elektoral li te jwenn nan 2007 nan men Kadhafi , kou Dapèl la aksepte demann pou l jwenn yon liberasyon pwovizwa.


Sarkozy, apre yon kondanasyon pou 5 lane prizon, vin premye ansyen prezidan Lafrans ki pase nan prizon pou yon ka ki gen rapò ak finansman politik ilegal. Dapre desizyon tribinal la, kenbe l pi lontan nan detansyon pwovizwa pa t gen nesesite. Sepandan, li rete anba kontwòl jidisyè : li pa gen dwa kite teritwa fransè a ni kontakte kèk temwen, tankou minis jistis la, Gérald Darmanin.


Nan odyans lan, Sarkozy te pale atravè videokonferans. Li rejte tout akizasyon e li repete ke li inosan : « Mwen pa janm mande Kadhafi okenn lajan », li deklare. « Mwen p ap janm rekonèt yon bagay mwen pa fè. » Li te pale tou sou difikilte lavi nan prizon, li di : « Se te yon eksperyans ki di, tankou pou nenpòt prizonye », pandan l ap felisite pwofesyonalis ajan prizon yo. Avoka li yo te deja ap plede pou liberasyon li depi plizyè jou.


Malgre liberasyon sa a, pwosesis jidisyè a pa fini. Dòsye finansman kanpay sila toujou rete louvri pou plis ankèt.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page