Minis Edikasyon an lanse alèt sou degradasyon sistèm edikatif la.
- konektem info
- 17 juil.
- 1 min de lecture
Jodi 17Jiyè 2025 lan, Minis Edikasyon Nasyonal la, Antoine Augustin, avèti sistèm edikatif ayisyen an sou wout pou l efondre si pa gen mezi ijans. Li denonse kantite jèn ki kite lekòl pou al nan gang, elèv ki antre lekòl twò bonè, epi mank aktivite divètisman. Dapre li, si sou 120 000 elèv ki fè filo, si sèlman t a 50 000 reyisi, se t a deja yon "fèt".
Minis la pwomèt l ap milite pou lekòl primè ak preskolè vin totalman gratis atravè tout peyi a. Li soulinye kantite timoun ki patisipe nan egzamen ofisyèl yo ap diminye chak ane, sa ki montre ijans sitiyasyon an.











Commentaires