top of page

Yon nouvo sant pou pwodiksyon oksijèn medikal inogire nan Pòtoprens.

Jodi madi  26 dawout 2025 lan, Gouvènman ayisyen an inogire  yon Sant Nasyonal pou Pwodiksyon Oksijèn Medikal, ki lokalize nan lokal SONAPI. Seremoni an fèt an prezans manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT), Premye Minis la, MSPP, ansanm ak patnè entènasyonal yo tankou PNUD ak Fon Mondyal.


Daprè Minis Lasante a, Dr Bertrand Sinal, enstalasyon sa a se yon zouti estratejik pou amelyore sistèm sante peyi a. Sant lan gen kapasite pou pwodwi plis pase 128 boutèy oksijèn pa jou, sa ki kapab sove lavi moun ki gen difikilte pou respire, ti bebe ki fèt twò bonè, ak pasyan ki nan swen entansif.


Otorite yo fè konnen pri  oksijèn nan nan lopital piblik yo p ap depase 4 000 goud, pandan y ap distribye yon pati nan pwodiksyon an gratis nan kèk gwo lopital pou asire tout moun jwenn sèvis sa a. Patnè yo mete aksan sou enpòtans pwojè a, ki redui depandans Ayiti sou enpòtasyon oksijèn medikal epi reprezante yon siy solidarite ak koperasyon entènasyonal pou ranfòse granmounte sanitè peyi a.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page