Jounalis Jocelyn Justin abandone nan Peyi Kiba sans asistans Leta : SOS Journaliste denonse sa.
- konektem info
- 6 mai
- 1 min de lecture
Òganizasyon SOS Journalistes leve vwa li pou denonse fason Leta ayisyen lage jounalis Jocelyn Justin, ki te blese gravman ak bal 24 desanm 2024, tou pre Lopital Jeneral.
Aprè atak la, yo te voye jounalis Justin Kiba pou resevwa swen medikal espesyalize. Men jodi a, li ap soufri san sipò : pa gen kote pou l dòmi, pa gen lajan pou manje, ni pou achte medikaman. Ministè Sante Piblik te pwomèt pou okipe tout depans li yo pandan tretman an, men jiskaprezan, se silans total.
SOS Journalistes mande Leta ayisyen pou respekte angajman li yo epi aji prese prese pou ede yon pwofesyonèl medya ki viktim nan kad travay li pou sèvi popilasyon l.
Comments