Tout Imigran ki rantre Ilegal sou teritwa Ameriken an ap peye 5000 dola.
- konektem info
- 15 oct.
- 1 min de lecture
Nan yon nòt piblik Anbasad Etazini an Ayiti pibliye sou rezo X (ansyen Twitter), otorite ameriken yo fè konnen tout moun ki antre ilegal sou teritwa Etazini pral oblije peye yon frè espesyal ki fikse a 5 000 dola ameriken. Mezi sa a, ki antre an aplikasyon, konsène tout etranje ki gen omwen 14zan epi ki rantre nan peyi a san okenn enspeksyon.
Nòt la presize klèman frè sa se yon dispozisyon definitif, ki pa negosyab, epi okenn demann pou rediksyon oswa chanjman p ap aksepte. Dapre sa Anbasad la fè konnen, moun ki refize peye frè a ap ekspoze tèt yo anba lòt konsekans finansye.
Selon Depatman Sekirite Enteryè ameriken (DHS), mezi sa a sòti nan atik 100017, nan lwa ki pote non “One Big Beautiful Bill”, yon dispozisyon ki vize ranfòse kontwòl sou imigrasyon ilegal. Desizyon sa a, ki pote siyati Prezidan Trump, antre nan kad politik gouvènman li pou diminye kantite moun k ap travèse fwontyè ameriken an ilegalman.











Commentaires