Konsèy Sekirite Nasyonzini a transfòme MMSS an “Fòs Antigang” pou Ayiti.
- konektem info
- 30 sept.
- 1 min de lecture
Jodi Madi 30 septanm 2025 lan, Konsèy Sekirite Nasyonzini an adopte yon rezolisyon pou ranfòse Misyon Miltinasyonal ki deja sou plas la, pou soutni Lapolis Ayisyèn nan. Objektif prensipal mezi sa a se redouble jefò pou konbat gang k ap simaye laterè nan peyi a.
Rezolisyon sa a, Etazini ansanm ak Panama te pote l, jwenn 12 vòt pou, kont 3 abstansyon. Pami peyi ki pat vote pou yo, genyen Lachin ak Larisi. Desizyon sa a pèmèt nouvo estrikti ki pote non “Fòs Antigang” lan mobilize jiska 5 500 ajan an inifòm, ki gen ladan yo polisye ak sòlda.
Pou anpil obsèvatè, desizyon sa make yon etap enpòtan nan fason kominote entènasyonal la angaje tèt li nan dosye Ayiti a. Sitou nan yon moman kote vyolans gang yo ap ogmante epi ap touche plizyè katye ak vil atravè peyi a.
Commentaires