Tanpèt Twopikal Melissa menase divès Peyi nan Karayib la.
- konektem info
- 21 oct.
- 1 min de lecture
Sant meteyowolojik Etazini ak Ewòp yo ap swiv ak anpil atansyon yon sistèm presyon ki ba k ap devlope nan lanmè Karayib la. Fenomèn sa a, yo rele "Invest 98L", t a kapab vin tounen "tanpèt twopikal Melissa" nan kèk èdtan, dapre "National Hurricane Center (NHC)".
Pou kounye a, gwo nyaj ak loraj ap ogmante pandan sistèm nan ap deplase direksyon nòdwès. NHC estime gen 100 % chans pou li devlope an siklòn, sa ki vle di risk la rive nan pi wo nivo. Menm si sant tanpèt la poko byen fòme, espesyalis yo avèti kondisyon tanperati lanmè a ak van yo favorab anpil pou li vin pi fò byen vit.
Ayiti nan zòn ki anba menas Daprè meteyowològ ameriken Jeff Berardelli (WFLA / CBS News), li avanse pou fè konnen : Ayiti, Repiblik Dominikèn ak Bahamas rete nan zòn ki plis ekspoze si sistèm nan chanje direksyon epi monte pi pre direksyon nò nan jou k ap vini yo. Otorite nan rejyon an deja ankouraje popilasyon an pou yo rete vijilan, swiv bilten meteyo yo, epi pare plan ijans yo. Si tanpèt la fòme vre, li ka pote anpil lapli, van fò, ak risk inondasyon sou plizyè peyi nan Karayib la.











Commentaires