Ansyen Prezidan Nicolas Sarkozy Kondane pou 5 lane Prizon.
- konektem info
- 21 oct.
- 1 min de lecture
Ansyen prezidan fransè Nicolas Sarkozy kondane nan prizon La Santé, nan vil Paris, jodi madi 21 oktòb la, apre lajistis te kondane l pou asosyasyon malfektè nan dosye finansman libyen kanpay prezidansyèl li an 2007. Dapre desizyon tribinal la, li gen pou l pase senk (5) lane prizon. Kondanasyon sa a fè Sarkozy tounen premye ansyen chèf Leta nan Inyon Ewopeyèn ki antre nan prizon.
Lajistis fransè reproche ansyen prezidan an paske, pandan li te minis Enteryè epi kandida, li t a pèmèt pwòch li yo negosye avèk rejim Mouammar Kadhafi, pou jwenn lajan anba anba pou finanse kanpay li. Menm si pa gen prèv dirèk sou lajan an, jij yo estime demach sa yo sifi pou konstitiye yon krim. Sarkozy, ki gen 70 lane, kontinye deklare li inosan epi li fè apèl kont desizyon an. Nan moman li rive nan prizon an, temwen yo rapòte yon anbyans chofe ak kèk prizonye ki t ap rele “Byenveni Sarkozy !”. Afè sa a souke sèn politik fransèz la, nan yon nivo kote li relanse deba sou moralite ak transparans lidè politik yo apre manda yo fini.











Commentaires