top of page

Senk jounalis pèdi lavi yo nan frap Izrayelyèn sou Khan Younès.

Madi 26 dawout 2025 lan, Senk (5) jounalis mouri nan sid bann Gaza, apre de (2) frap Izrayelyèn te vize zòn ki bò kote lopital al-Nasser, nan Khan Younès. Dapre sous medikal ak òganizasyon laprès, de (2) bonbademan youn apre lòt te frape zòn nan, sa ki lakoz plizyè lòt moun blese.


Nan mitan viktim yo, gen Mohammed Salama, kamera Al Jazeera; Hossam al-Masri, fotograf Reuters; Mariam Abu Dagga, jounalis endepandan 33 zan ki te konn kolabore ak Associated Press; Moaz Abu Taha, repòtè endepandan; ak Ahmed Abu Aziz, jounalis lokal. Yon lòt fotograf Reuters, Hatem Khaled, blese nan atak la. Temwen rakonte yon premye frap te rive sou perimèt lopital la, epi kèk minit apre, dezyèm nan te fèt pandan sekouris ak jounalis t ap eseye pote asistans.


Trajedi sila soulve anpil reyaksyon nan nivo entènasyonal. Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, denonse yon atak li rele “entolerab”, pandan l raple  “jounalis pa dwe tounen sib”. Òganizasyon Reporters sans frontières pale de yon “siblaj delibere”, tandiske Nasyonzini reyafime prensip ki di “lopital pa dwe tounen sib”. Bò kote pa l, lame Izrayelyèn nan kalifye sa “aksidan trajik” epi anonse ouvèti yon ankèt.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page