Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pran Direksyon Washington pou yon misyon Ofisyèl.
- konektem info
- 26 août
- 1 min de lecture
Jodi madi 26 dawout 2025 lan, Premye Minis Ayiti a, Alix Didier Fils-Aimé, kite peyi a pou direksyon Washington, Etazini, nan kad yon mision ofisyèl. Dapre sous gouvènman an, li pral rankontre ak responsab nan OEA ak nan Nasyonzini, pou kontinye chèche sipò entènasyonal sou kriz Ayiti ap travèse a.
Diskisyon yo ap santre sou fèy wout Sekretè Jeneral OEA a, Albert Ramdin, te prezante dènyèman devan Konsèy Pèmanan òganizasyon rejyonal la. Vwayaj sa a antre nan liy jefò diplomatik Gouvènman an ap fè pou jwenn plis solidarite nan nivo entènasyonal. Nan delegasyon ki akonpaye Premye Minis la, gen plizyè gwo responsab Leta, pami yo : Raina Villejoint Forbin, direktris kabinè prezidan Laurent Saint-Cyr; Guerly Leriche, konseye an chèf gouvènman an; Alfred Fils Métellus, minis Ekonomi ak Finans; Herwil Gaspard, minis delege pou Solidarite ak Zafè Imanitè; Mario Andrésol, sekretè deta pou Sekirite Piblik; Frédéric Leconte, enspektè jeneral an chèf PNH; ansanm ak reprezantan CEP yo, tankou Jacques Desrosiers, Philippe Augustin ak Victor Bingel.
Sa make dezyèm misyon ofisyèl Premye Minis Fils-Aimé Ozetazini. Menm si premye deplasman li pa t pote rezilta konkrè jiskaprezan, gouvènman an ap mete espwa nan nouvo vizit sa a pou avanse nan objektif prensipal yo : retabli sekirite a, òganize referandòm konstitisyonèl la ak prepare eleksyon jeneral yo.
Commentaires