top of page

Peyi Salvador bat yon rekò 114 asasinay pou 2024.

Salvador fini ane 2024 ak yon bès istorik nan asasinay, kote yo anrejistre senpman 114 ka. Sa make yon gwo amelyorasyon nan sekirite piblik, anba eta dijans Prezidan Nayib Bukele enpoze depi plis pase de (2)  zan.


Nan yon mesaj sou rezo X, Prezidan Bukele deklare Salvador kòm "nasyon ki pi an sekirite nan emisfè oksidantal la". Avèk yon to asasinay 1,9 pou chak 100 000 moun, peyi a depase lòt nasyon nan Amerik Latin k ap konnen jounen jodia gwo nivo vyolans. Rezilta sa a, ki kontrèman ak 6 600 asasinay an 2015, montre efikasite politik batay  Kont gang gouvènman an, pandan l mete enkyetid sou enpak politik sila a sou dwa moun.


Pandan Peyi Salvador ap selebre, Ayiti kontinye ap fè fas ak yon vyolans grav. Dapre Nasyonzini, an 2024, gang yo te lakòz anviwon 6 000 asasinay. Avèk gang ki kontwole anpil zòn, fòs sekirite yo ak misyon entènasyonal yo montre yon enkapasite pou pwoteje popilasyon an kont ensekirite.


Malgre pwogrè Salvador fè, kritik yo pa sispann avèti kont potansyèl abi ki ka soti nan pwolongasyon mezi dijans yo. Pandan gouvènman an defann politik li pou kenbe lapè, lòt sektè mande yon ekilib ant sekirite ak respè dwa demokratik.


Pou Salvador, ane 2024 la make yon chanjman istorik, men kesyon an rete pou konnen si chanjman sa a pral dirab san vyole prensip fondamantal yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page