top of page

Premye Minis kanadyen an ,Justin Trudeau, renouvle angajman Kanada pou ede Ayiti soti nan gwo kriz sila a.

Premye Minis Kanadyen an, Justin Trudeau, renouvle sipò gouvènman li a pou Ayiti, k ap fè fas ak yon kriz nan plizyè dimansyon. Kanada pran angajman pou soutni Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) ak gouvènman Alix Didier Fils-Aimé nan misyon yo pou retabli sekirite,demokrasi ak estabilite nan peyi a.


Nan yon deklarasyon, chèf gouvènman kanadyen an raple li te anonse, depi septanm pase, yon ogmantasyon nan finansman ak nouvo mezi pou ranfòse èd imanitè nan direksyon Ayiti. Anplis sa, Trudeau konfime Kanada ap kontinye sipòte Polis Nasyonal Ayiti (PNH) ansanm ak Misyon Miltilateral pou Sekirite, yon inisyativ ki vize estabilize sitiyasyon peyi a.


Malgre sa, Premye Minis Trudeau ankouraje KPT a ak gouvènman an pou fè plis jefò pou reyalize eleksyon jeneral yo, yon etap ki esansyèl pou retounen ak lòd demokratik la. Li mande tou pou ranfòse batay kont vyolans ame ki kontinye paralize fonksyònman peyi a, pandan l ap soutni jefò fòs sekirite yo nan misyon yo.


Kanada reyafime pozisyon li kòm yon patnè solid pou Ayiti, espesyalman nan moman difisil sa yo kote popilasyon ki pi frajil yo gen bezwen ijan.

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page