top of page

Yon atak teworis sakaje fèt nouvèl ane a nan Nouvèl-Òleyan.

Selebrasyon nouvèl ane nan Nouvèl-Òleyan tounen yon trajedi lè yon jèn gason, Shamsud-Din Jabbar, 42 zan, soti Texas, te lanse machin li sou yon foul moun ki t ap fete. Atak sa a lakoz lanmò 10 moun ak blesi 35 lòt, pami yo plizyè lòt twouve yo nan yon eta grav.


Dapre FBI, Jabbar ta gen lyen ak gwoup teworis Eta Islamik (EI). Li te gen yon drapo gwoup la nan machin li, e aksyon li yo te vize simen panik nan yon zòn touris popilè, espesyalman pandan sezon fèt la. Apre li te fin frape foul moun nan, li te eseye chape pandan li t ap tire sou lapolis. De (2) polisye te blese nan echanj kout zam yo, anvan fòs lòd yo te frennen l mòtèlman.


Otorite lokal yo, ak sipò ajan federal, louvri yon ankèt pou detèmine motivasyon egzak asayan an. Pandan yo konsidere atak la kòm yon zak teworis, yo pa wete lòt posibilite nan ankèt la. Epizòd sa a, ki fèt nan kè yon zòn istorik ak touristik, souliye nesesite pou ranfòse sekirite nan evènman piblik ak kontinye lit kont teworis entènasyonal.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page