Palmarès Mizik / Videyo Evanjelik – Me 2025
- konektem info
- 1 juin
- 4 min de lecture
Mwa me a pa t sèlman pote chalè ak lapli. Li pote tou mizik ki gen nanm, mizik ki pale ak kè moun, ki lonje men bay lespri fatige yo. Ant laperèz ak lespwa, mizik evanjelik kontinye jwe wòl li kòm fwi ki nouri lespri a, refij pou nanm ki fatige, ak limyè pou chak jounen ki parèt twoub.
Pandan lavi kontinye mete presyon sou chak moun, mizik sa yo vin tounen priyè ke nou bezwen. E si w ap chèche rekonekte ak Bondye, avèk tèt ou, oubyen ou bezwen repo pou kè w, ou sou bon chimen. Men 12 mizik ak videyo ki make Palmarès Me 2025, selon sa k ap sikile sou YouTube ak rezo sosyal yo.

1. Joy Clerf Derisier – “Pa Pale”
Soti 1er me 2025
Mizik sa se tankou yon lapriyè nou tande chak fwa nou bouke esplike tèt nou. Joy Clerf adopte yon ton serye, kote li chante: “Kite Bondye aji pou ou.”
Pou konpozisyon an se Jean Claude Derisier ak Mesac ki mete l sou pye, Genoldens Desulma ki jere son an (Dens Music Haiti), epi AE Films (Alexis Eclesiaste) ki mete imaj sou mizik la.
“Pa Pale” pa sèlman pou kretyen, men pou tout moun ki fatige goumen pou fè konprann doulè yo.
2. Rechanka Doristil – “Mèsi”
Soti 4 me 2025
Yon kè plen rekonesans se sa Rechanka ofri nou ak “Mèsi”. Yon mizik ki montre ke menm lè lavi pa fasil, Bondye toujou merite remèsiman. Li chante ak fòs, ak lafwa, ak eksperyans. Se yon lòt etap nan ministè li kòm chantez ki mete limyè sou Jezi.
3. Andrelle Joseph Dossous – “Glwa”
Soti 4 me 2025
Se pa tout temwayaj ki bezwen anpil mo. Andrelle chita sou eksperyans li nan lopital pou chante yon remèsiman ki sòti nan fon kè li.
“GLWA” se sa nou dwe bay Bondye, paske li delivre, li geri, li bay lavi. Yon mizik ki mache dwat sou kè moun ki gen rezon pou di “Bondye, mèsi pou gras ou.”
4. Yvensonn Ayiti feat. Yvens Analyz-idée – “Ak Jezi map byen vire”
Soti 8 me 2025
Se pa mizè k ap mete nou ajenou, se Jezi. Mizik sa se yon deklarasyon lafwa ak fyète. Yon son modèn, ki di: “Avèk Kris, mwen pa pè okenn boulvès.”
5. Caleb Emmanuel Pierre & Rose Henry – “More Than Able” (Version française)
Soti 9 me 2025
Yon adorasyon ki soti nan men Elevation Worship, men Caleb ak Rose ofri l an fransè, pou plis moun ka tande e konprann: Bondye kapab fè tout bagay.
Yon mizik pou ranfòse lafwa w, pou raple w ou pa bezwen konprann tout bagay, ou jis bezwen mete konfyans ou nan Bondye.
6. Ruth Desir – “BonDye Fidèl”
Soti 10 me 2025
Yon bèl kado Ruth Desir bay tèt li ak kominote a pou anivèsè li. “BonDye Fidèl” se yon louwanj ki ranpli ak verite.
Pandan tout wout la difisil, Bondye toujou fidèl. Mizik la se yon rapèl ke li pa janm sispann aji, pa janm sispann renmen.
7. Simiane – “Pour Ta Gloire”
Soti 12 me 2025
Simiane, ak vwa li ki plen limyè ak dousè, mete tout sa li ye pou glwa Bondye.
Mizik sa a sòti sou albòm Ruach, se youn nan mizik ki deja vin priyè pou anpil moun. Chante sa se yon limyè nan mitan fènwa. Li pa rele “viv pou sa w vle”, men viv pou glwa Bondye.
8. Maestro Charlemagne – “Konsyans Pou n Pran”
Soti 18 me 2025
Yon mizik k ap leve konsyans pèp la. Maestro Charlemagne pa mete louwanj sèlman pou syèl la, men tou pou limen lespwa sou tè a.
Li pale ak moun ki bouke wè sosyete a k ap deperi, epi li envite nou tout pou nou leve, reflechi, mete tèt ansanm.
9. Rechanka Doristil – “I Trust You”
Soti 25 me 2025
Mizik sa tounen tankou souf nan mitan laperèz. Rechanka chante pou tout moun ki santi yo pè, men ki chwazi fè yon pa nan lafwa.
“Lord, I trust You”, li pa jis chante sa li viv li. Pou chak kè ki enkyè, mizik sa se tankou yon lanp ki limen nan fènwa a.
10. Frère Schneider & Kino Music – “Anvayi Nou”
Soti 25 me 2025
Pafwa, gen moman nan lavi w kote w santi yon vid. Ou santi absans Bondye nan tout sa w ap fè. Ou vin gen yon swaf, yon swaf pou prezans li manifeste, pou l anvayi w pandan w ap koube sou de (2) jenou w pou w enplore prezans li.
Se egzakteman sa chantè Frère Schneider ak Kino Music eksprime nan mizik “Anvayi nou”. Se yon mizik enspirasyon ki leve yon kri lapriyè pou Bondye desann, touche, ak dirije lavi nou.
11. Celigny Dathus & Blousena Bigord – “M’Santim Byen”
Soti 26 me 2025
“Se pa mirak ki toujou fè ou byen. Gen de fwa, se lapè.”
“M’Santim Byen” se yon bèl fwi ki sòti nan tèt ansanm Celigny ak Blousena. Yon chante kalm, ki montre ki jan senpleman chita ak Bondye ka bay pi gwo rekreyasyon.
12. Delly Benson – “Mwen se Enstriman’w”
Soti 31 me 2025
Gen chante ki pa bezwen fò w kriye pou w santi w frape ak mete limyè nan espas ki te fè nwa andedan ou. Se sa Pastè Delly Benson reyalize ak “Mwen se Enstriman’w”.
Mizik sa chaje ak soumisyon, ak rekonesans, men plis ankò, li chaje ak volonte. Volonte pou pa chèche glwa pèsonèl, men vin zouti nan men Bondye. Pou sèvi, pou obeyi, pou dispoze.
Delly louvri kè l, epi pa fòse pèsonn, men li envite tout moun gade tèt yo nan glas: Èske ou dispoze vin zouti nan men Bondye menm lè sa fè mal?
Mwa me a kite nou ak anpil bèl mizik ki pa jis fè nou sonje Bondye, men ki ede nou vin pi pre li. Chak mizik pote yon mesaj, yon limyè, yon refleksyon. Se mizik ki ka tounen lapriyè, ki ka ba ou kouraj, ki ka fè w santi w pa pou kont ou.
Si w poko tande yo, pran tan w. Ou pa bezwen prese. Men pi enpòtan: kite yonn ladan yo fè ou sonje ke ou pa pou kont ou.
Redaksyon:
Vanauscheca Bouzy
Konsepsyon Grafik:
Jo-Flung Bouzy & Abdullah Mode
Commentaires