Palmarès Mizik Evanjelik – Avril 2025.
- konektem info
- 1 mai
- 5 min de lecture
Mizik se pa sèlman son ak mo, li se gerizon pou nanm, limyè pou lespri, e fòs pou moun k ap mache nan vale. Mwa avril 2025 la pote avè l yon pakèt chante evanjelik ki pa sèlman bèl, men ki gen sans, ki chaje ak verite, ak mesaj ki soufle delivrans, ak remèsiman. Nan seleksyon sa a, nou mete ansanm 10 mizik ki make sezon an, ki pale ak kè, ki leve lespri, e ki raple nou ke Bondye toujou ap travay, menm lè nou pa wè l.

Stephanie Saint Surin- “Anatèm” 3 avril 2025
Stéphanie Saint-Surin, ki deja make prezans li sou sèn evanjelik la ak chante tankou Mwen Se Pou Ou ak Mwen pa esklav peche ankò, kontinye mennen batay espirityèl ak kè sensè nan mizik li.
Avèk “Anatèm”, lage 3 avril 2025, li chante temwayaj anpil kwayan ki ap lite ak pè, refi, e ensètitid pandan y ap tann entèvansyon Bondye. Mizik la pa jis yon adorasyon, men se yon deklarasyon lapè ak viktwa sou tout sa ki ta vle mete baryè sou desten ou.
Nan vwa li, Stéphanie raple nou ke nou pa anba madichon nou se eritye Bondye, libere pa gras.
👉🏻 https://youtu.be/AtetmEvN_1A?si=9ekCott5ZrT3QJ2c
Anne-Rose Claudine Dolcé- “Ou toujou la” 4 avril 2025
Anne-Rose Claudine Dolcé, fè nou antre nan entimite lavi espirityèl li ak “Ou Toujou La”. Soti 4 avril 2025, chante sa se yon temwayaj sou fidelite Bondye ki toujou la menm lè tout lòt bagay kraze.
Mizik la se tankou yon sous dlo fre pou kè ki swaf, e li montre ke prezans Bondye pa depann de sikonstans nou. Anne-Rose montre nou jan li pa janm pou kont li. Se yon chan ki vle sèvi kòm men Bondye lonje bay kè k ap senyen.
👉🏻 https://youtu.be/EPXIC-kqHcY?si=nt-o0RzNbf3STUV0
Barbara Cassamajor- “Yon temwanyaj tou nèf” 6 avril 2025
Barbara Cassamajor, ki se yon vwa fanm ki ap make mizik kretyen an ak sansiblite ak otantisite, vini ak “Yon Temwanyaj Tou Nèf” ki lage 6 avril 2025. Mizik la se yon istwa ki anbrase esperans, pasyans, ak fidelite Bondye.
Nan pawòl li yo, ou santi chalè yon moun ki fè eksperyans mirak Bondye pou li ka pale ak konviksyon. Mizik la konstwi tankou yon vwayaj ou kòmanse ak doulè, ou travèse silans, epi ou rive sou delivrans.
Se yon temwayaj pou tout moun k ap viv sezon difisil. Chante sa di w: “Li poko fini. Bondye poko fini avè w.”
👉🏻 https://youtu.be/c9-mk3SofMw?si=QDdq5VMUilFB8pv7
Maestro Henry- “Pale pou mwen” 6 avril 2025
Maestro Henry, ofri nou “Pale Pou Mwen”, ki soti 6 avril 2025. Mizik sa se tankou yon priyè kote se pa vwa moun k ap pale, men kè k ap plenn.
Li mete sou mizik sa tout sansiblite ak matirite espirityèl li. Pawòl yo fò: “Pale pou mwen, lè m pa ka pale pou tèt mwen.” Sa a se reyalite anpil kwayan ap viv, yo rive nan bout fòs yo, men yo mete espwa yo nan Bondye.
“Pale Pou Mwen” se yon apèl bay Sentespri a pou l entèveni lè pawòl fini.
👉🏻 https://youtu.be/sRkY1dtDH2g?si=x50ynsOBpC5cDCXw
Jemima Joseph feat. Mr Ley- “Li pase avèm” 11 avril 2025
Jemima Joseph ak Mr Ley mete fòs yo ansanm pou lage “Li Pase Avèm” 11 avril 2025. Chante sa se yon dyalòg ak syèl la, kote vwa fanm ak gason entèsepte pou rakonte kijan Bondye toujou prezan, menm nan mitan tribilasyon.
Se pa yon mizik ki chèche pitye, men yon mizik ki leve tèt nou pou n sonje ke Jezi pa janm kite pèp li.
Li se sovè ki pa dòmi, li se gadò ki pase avè w menm lè w pa remake sa.
👉🏻 https://youtu.be/Ka64V9T68co?si=VaRwEtkZAkFTdIYc
Wiliadel Denervil feat. Fre Gabe- “Istwa pou w rakonte” 13 avril 2025
Wiliadel Denervil se yon atis ki mete kè l nan chak pawòl li chante. Nan videyo“Istwa Pou W Rakonte”, ki soti 13 avril 2025 li kolabore ak Fre Gabe, ki li menm toujou sèvi ak mizik li pou mete pawòl verite, pawòl fò, sou lavi ak lafwa. Mizik sa pa sèlman chante yon istwa, li ouvè je ou sou prop ou.
Li fè ou sonje ke tout sa w ap viv, bon kou move, ap fè pati yon istwa Bondye ap ekri avèk ou. Mizik sa se tankou yon liv ki ap louvri devan je w pou montre ou ke li poko fini. Li fè ou leve tèt ou, li raple ou: menm si w tonbe, ou gen yon istwa pou rakonte.
👉🏻 https://youtu.be/8AUp_YjjOso?si=KwUN-r7fRt-SInC6
Esther Leandre- “Mwen vle fè louwanj ou” 14 avril 2025
“Mwen Vle Fè Louwanj Ou” soti 14 avril 2025 se yon deklarasyon limyè ak rekonesans. Esther Leandre, ki gen yon vwa dous men pwisan, mete tout lanmou li pou Bondye nan chante sa. Li pa chèche fè efè, li pa vize sèn, li chita sou esans la: leve non Bondye, di mèsi paske li sove nou.
Esther se yon fanm ki sèvi ak vwa li pou ede lòt moun sonje kiyès ki sove yo. Mizik li gen senplisite ak limyè. “Mwen Vle Fè Louwanj Ou” se pa yon mizik sèlman pou tan adorasyon, li se yon priyè ou ka chante sou wout ou, lakay ou, oswa nan solitid ou.
👉🏻 https://youtu.be/NN3CdGbLFEY?si=LuaMnbSfhI5Rc7L8
Beethoven Chenet- “Lanmou” 19 avril 2025
Beethoven Chenet, ki se youn nan atis evanjelik ki konn mete pasyon nan chak nòt, soti videyo “Lanmou” 19 avril 2025. Mizik la se yon adorasyon, ki mete aksan sou lanmou san limit Jezi pou limanite.
Chak fraz se tankou yon deklarasyon espirityèl: “Menm lè mwen pa merite, ou renmen m kanmenm.” Mizik la tounen yon eksperyans kote w santi kè w louvri pou resevwa lanmou Bondye. Li se yon repons pou tout kesyon ou te genyen sou favè ak gras.
👉🏻 https://youtu.be/ZOgVaeMJMUo?si=54kFZoBAQHFpQMja
Nancy Abellard- “Ou gen tout sa m bezwen” 24 avril 2025
Nancy Abellard pote yon vwa kalme men chaje ak konviksyon. Nan “Ou Gen Tout Sa M Bezwen”, ki soti 24 avril, li chante ak tout kè li, mete lafwa li sou tab la, epi montre ke nan tout grangou espirityèl, Bondye se sèl sous.
Se yon mizik ki pale ak moun ki fatige, k ap chèche direksyon, oswa ki bezwen repo. Se tankou yon kote pou vin respire. Vwa Nancy a pa souke ou, li mennen ou dousman nan direksyon adorasyon. Se yon bèl temwayaj sou sa Bondye ye pou tout kè ki louvri.
👉🏻 https://youtu.be/kHb0g4Bq8Rc?si=PJ6UATW6LwrprMvx
Rosena Josselin Orys- “S.O.S" 26 avril 2025
S.O.S” pa t kite moun endiferan . Rosena Josselin Orys mete tout pwa lavi a nan vwa li, epi chante yon rèl ki sòti nan fon kè li. Mizik la pa sèlman bèl, li vrè. Li gen koulè soufrans, men li gen esperans ladan l tou.
Rosena sèvi ak talan li pou leve tout sa ki kraze, pou di yo: ou ka rele Bondye. Li tande. Mizik sa se pou tout moun ki rive nan limit, ki bouke, ki pa ka kenbe ankò. Se mizik pou w sekwe kò w, pou leve men w pou di: “Papa, reponn mwen.”
Mizik sa yo se pa mizik sèlman se priyè, se konfesyon, se temwanyaj, se lavi. Yo pale pou nou lè nou pa ka pale, yo priye pou nou lè nou pa ka leve tèt nou. Se poutèt sa, nou envite w pou w sipòte atis sa yo: like, pataje, abòne ak chanèl yo. Palmarès Avril 2025 se pa mizik pou tande sèlman, men mizik pou viv epi pataje ak lòt moun tou.
Redaksyon:
Vanauscheca Bouzy
Konsepsyon Grafik:
Jo-Flung Bouzy & Abdullah Mode
Comments