Nouvo atak ame sou Bassin-Bleu: komisarya lokal la pran dife.
- konektem info
- 18 sept.
- 1 min de lecture
Jodi Jedi 18 septanm 2025 lan, yon atak ame avèk gwoup gang « Kokorat San Ras » te frape komin Bassin-Bleu nan Nòdwès. Pandan operasyon an, malfektè yo te mete dife nan komisarya lokal la, sa ki lakoz anpil gwo dega. Men okenn detay ofisyèl poko konfime sou sò polisye ki te nan plas la.
Temwayaj moun ki te sou plas yo fè konnen gang ki sòti nan Ti Bwadòm lan t a atake plizyè kay prive tou, sa ki lakòz panik nan mitan popilasyon an. Anpil moun te oblije kite kay yo pou chape poul yo, nan yon klima laterè ki kontinye ap grandi nan anviwon an.
Sitiyasyon an soulve gwo enkyetid sou posiblite pou ensekirite a gaye pi lwen nan rejyon an. Nan Pòdepè, komin vwazen an, tansyon monte, tandiske otorite yo voye ajan UDMO an ijans pou eseye reprann kontwòl Bassin-Bleu.
Pou kounya, pa gen okenn kominike ofisyèl soti bò kote responsab lokal yo, pandan popilasyon an rete ap tann mezi konkrè pou retabli sekirite nan komin nan.











Commentaires