MENFP anonse nouvo mezi pou amelyore jesyon lekòl piblik yo.
- Konektem Tv
- il y a 3 jours
- 1 min de lecture
Nan yon konferans pou laprès ki te fèt vandredi 13 septanm nan, nan komin Delmas, minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP), Antoine Augustin, prezante plizyè mezi pou ranfòse jesyon administratif ak finansye nan lekòl piblik yo, pandan rantre ofisyèl la fikse pou 1e oktòb 2025.
Minis la fè konnen ap gen deplwaman kontab nan tout lise piblik yo pou garanti plis transparans nan fason lajan lekòl yo ap jere epi evite abi ki te konn rapòte nan kèk enstitisyon. Li raple klèman : “Paran pa dwe peye okenn frè nan lekòl nasyonal yo. Epi nan lise, kontribisyon an fikse a 1 500 goud pou chak grenn elèv.” MENFP prevwa kontwòl regilye ansanm ak mezi disiplinè kont moun ki pa respekte règleman yo. Paran yo ankouraje pou denonse nenpòt tantativ ekstòsyon oswa frè ilegal.
Mete sou sa, ministè a anonse distribisyon gratis nouvo liv eskolè ki adapte ak reyalite peyi a, nan objektif pou ogmante kalite ansèyman. Tèm ane akademik 2025–2026 la rete menm jan an : “Rete bay lekòl la otorite li”, yon angajman MENFP vle tradui an aksyon konkrè. Minis la soulinye tou kontribisyon 1 500 goud la fèt pou kouvri depans antretyen, founiti egzamen ak sèvis administratif, san okenn lòt egzijans pa dwe fèt sou do paran yo.
ok