25 sòlda ayisyen Vwayaje pou Matinik nan kad fòmasyon militè.
- konektem info
- il y a 3 jours
- 1 min de lecture
Yon nouvo gwoup 25 sòlda nan Fòs Lame Ayiti (FAD’H) kite Pòtoprens jou kite dimanch 14 septanm nan, pou peyi Matinik. Se Anbasadè Lafrans an Ayiti a, Antoine Michon, ki konfime nouvèl la sou kont X li.
Daprè Anbasadè a, sòlda yo pral suiv yon fòmasyon espesyal k ap dire de (2) semèn nan kad "partenariat Sabre”, yon pwogram koperasyon militè ant Lafrans ak Ayiti. Inisyativ sa a vize ranfòse kapasite FAD’H epi ede yo vin pi pwofesyonèl nan travay defans ak sekirite.
Fòmasyon sa a pa premye nan kalite li. Paske nan dat 21 jiyè ki sot pase a, yon lòt gwoup ki te gen yon trantèn sòlda ayisyen te deja patisipe nan yon sesyon fòmasyon nan Matinik. Yo te resevwa kou sou taktik entèvansyon, disiplin militè, kòmandman, jesyon kriz, ansanm ak lòt teknik operasyonèl pou amelyore efikasite lame a.
Commentaires