top of page

Albert Ramdin eksprime dout li sou Reyalizasyon Eleksyon an Ayiti avan Fevriye 2026.

Sekretè jeneral adjwen Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), Albert Ramdin, deklare li prèske enposib pou Ayiti òganize eleksyon anvan fevriye 2026. Li te fè deklarasyon sa devan Konsèy Pèmanan OEA a, kote li avèti sou risk yon vid enstitisyonèl apre manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), ki dwe fini 7 fevriye 2026.


Nan rapò li te prezante madi 4 novanm, diplomat la fè konnen ensèkirite jeneralize ak blokis enstitisyonèl la ap fè pwosesis elektoral la pi difisil. Li anonse tou yon vizit ofisyèl OEA an Ayiti nan kòmansman mwa desanm nan, pou diskite ak otorite yo sou etap ijan ki dwe pran pou evite yon nouvo kriz politik.


Dapre Albert Ramdin, OEA ap travay sou yon plan rejyonal pou lapè ak estabilite an Ayiti, ki vize ankouraje dyalòg politik, retabli sekirite, epi pèmèt peyi a rive nan eleksyon enklizif ak kredib an  2026.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page