top of page

Nesmy Manigat plede pou pwoteksyon edikasyon nan zòn konfli pandan Somè mondyal Doha a.

Ansyen Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, Nesmy Manigat, te patisipe semèn sa nan Somè Mondyal sou Devlopman Sosyal ki te fèt nan Doha, Katar. Li te reprezante Patenarya Mondyal pou Edikasyon (GPE), yon òganizasyon entènasyonal k ap soutni pwogram edikatif nan plis pase 90 peyi, ladan yo Ayiti.


Pandan entèvansyon li, Mesye Manigat te mete aksan sou ijans pou pwoteje edikasyon nan zòn konfli, pandan li te site egzanp Soudan, kote 14 milyon timoun pa gen aksè ak lekòl epi 13 milyon moun oblije kite kay yo akoz lagè.



Somè Doha a te sèvi tou pou Mesye Manigat raple wòl enpòtan GPE nan refòm finansman edikasyon mondyal la, espesyalman atravè kanpay li yo rele “Multiplier les possibles”, ki te lanse bò kote Asanble Jeneral Nasyonzini, nan mwa septanm ki sot pase a.


Inisyativ sa a vize mobilize 5 milya dola nan finansman dirèk, epi ajoute 10 milya dola anplis nan ko-envesisman pou soutni edikasyon ant 2026 ak 2030.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page