top of page

Eta ijans ak twa jou dèy nasyonal apre destriksyon Ouragan Melissa.

Gouvènman ayisyen an mete eta ijans pou twa mwa, sòti 3 novanm 2025 rive 3 fevriye 2026, nan depatman ki plis frape pa siklòn Melissa. Mezi sa a te adopte pandan yon seyans Konsèy Minis nan dat 31 oktòb 2025, e li vize akselere asistans pou viktim siklòn nan pandan y ap fasilite rekiperasyon nan kominote ki afekte yo.


Anplis eta ijans lan, gouvènman an deklare twa jou dèy nasyonal 3, 4, ak 5 novanm 2025 pou onore viktim siklòn nan. Pandan twa jou sa yo, drapo nasyonal la ap monte a demi-ma, epi aktivite ofisyèl ak piblik ap limite nan anpil zòn.


Depatman ki konsène yo se Sid, Sid-Est, Grand’Anse, Nippes, Lwès ak Nò-Dwès. Nan anpil komin nan zòn sa yo, kay, wout ak lòt enfrastrikti sibi gwo domaj. Plizyè milye moun te oblije kite kay yo epi kounye a ap viv nan abri tanporè.


Eta ijans lan gen pou objektif pou:

Mobilize resous ak pèsonèl rapidman pou ede moun ki viktim

Fasilite aksè sekou nan zòn kote enfrastrikti yo domaje

Kowòdone rekonstriksyon epi retabli sèvis esansyèl tankou dlo, sante, wout ak lekòl.


Daprè organisation panaméricaine de la Santé (OPS/OMS), inondasyon ak glisman tè lye ak siklòn Melissa te lakoz:

26 mò, 18 disparus, 17 blese;

Plis pase 1 000 kay inonde;

Plis pase 15 000 moun deplase. (OPS/OMS)


Eta ijans lan ak twa jou dèy nasyonal sa yo make yon mezi estratejik gouvènman an pran pou soutni popilasyon an, limite pèt lavi, epi akselere rekiperasyon nan kominote ki frape yo.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page