top of page

Meri Dèlma Adopte Nouvo Mezi pou sekirize Komin nan.

Majistra Komin Delma a, Wilson Jeudy, te prezide yon reyinyon estratejik vandredi 30 me 2025, sou fason klèb  yo fonksyone nan kapital la. Reyinyon sa a te reyini plizyè otorite enpòtan tankou Sekretè Deta pou Sekirite Piblik Mario Andresol, Komisè Gouvènman Pòtoprens lan, Mèt Frantz Monclair, ak plizyè wo responsab nan Polis Nasyonal Dayiti (PNH).


Diskisyon yo te mete aksan sou nesesite pou pi byen kontwole aktivite lannuit yo, sitou nan yon kontèks kote ensekirite ap ogmante chak jou. Majistra Jeudy anonse gen nouvo mezi obligatwa pwopriyetè klèb yo dwe respekte si yo vle jwenn oswa renouvle otorizasyon fonksyònman yo. Mezi sa yo konsène sekirite nan lokal yo, respekte lè ki bay pou yo louvri ak fèmen, jere bri, epi mete dokiman administratif yo ajou.


Sekretè Deta Mario Andresol soulinye enpòtans bon kòdinasyon ant otorite yo ak pwopriyetè klèb yo pou mete fren sou deriv ki souvan rive nan etablisman sa yo. Li kwè pwopriyetè yo dwe angaje yo plis pou anpeche zak vyolans ak aktivite ilegal, nan adopte yon konpòtman ki responsab.

Komisè Gouvènman an, Me Frantz Monclair, te raple  tout pwopriyetè pral responsab legalman si gen zak ilegal ki fèt andedan klèb yo. Li prevwa sanksyon sevè pou tout moun ki pa respekte nouvo mezi otorite yo mete sou pye.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page