Peyi Espay rejwenn MSSM pou batay kont Ensekirite an Ayiti.
- konektem info
- 28 mai
- 1 min de lecture
Espay rejwenn ofisyèlman Misyon Sipò pou Sekirite Miltinasyonal la, an Ayiti (MSSM), nan voye de (2) ofisye espesyal pou patisipe nan batay k ap fèt pou tabli sekirite an Ayiti. Se yon enspektè polis nasyonal ki okipe zafè operasyon, epi yon kapitèn Gad Sivil ki responsab kominikasyon estratejik.
Ofisye sa yo ap gen pou travay nan yon selil kòdinasyon ki baze Washington, anba direksyon Depatman Deta ameriken an, an kolaborasyon ak Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA). Misyon sila rasanble ekspè ki sòti nan plizyè peyi tankou Kanada, Lafrans ak Kenya, tout sa anba sipèvizyon Nasyonzini.
Anbasad Espay Ozetazini konfime patisipasyon sa a, epi mete aksan sou angajman peyi a pou sipòte estabilite an Ayiti. Se yon prezans estratejik ki montre volonte kominote entènasyonal la pou fè fas ak kriz sekirite k ap brase peyi a.
Comments