top of page

MAST lanse yon nouvo pwogram ki vize ede Jèn Diplome entegre monn Travay la.

Ministè Afè Sosyal ak Travay (MAST) lanse yon nouvo pwogram ki rele "Aksè obligatwa ak estaj pwofesyonèl", pou fasilite antre jèn diplome yo nan monn travay la. Pwogram sa vize jèn ki soti nan inivèsite ak sant fòmasyon pwofesyonèl atravè peyi a.


Minis Georges Wilbert Franck deklare se yon mezi ki vin korije yon enjistis sosyal k ap layite kò l nan sosyete nou an, depi lontan. "Gen twòp jèn ki fini etid yo san yo pa janm jwenn premye eksperyans. Depi koulye a, enstitisyon yo ap oblije bay estaj," se sa minis la fè konnen pandan lansman ofisyèl pwogram nan. Dapre li, estaj la ap vin tounen yon pon ki konekte konesans teyorik ak pratik pwofesyonèl.


Pwogram nan antre nan kad politik gouvènman an pou pwoteksyon ak pwomosyon sosyal. MAST espere rive mete plis pase 40 000 estaj chak ane, men minis la avèti sa ap pran tan pou rive nan objektif sa. Anpil lòt otorite te patisipe nan lansman an, tankou Direktè Jeneral OFATMA a, Eng. Agr. Vikerson Garnier, ak Sekretè Deta pou entegrasyon moun andikape yo, Génard Joseph.


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page