top of page

konseye prezidan Louis Gérald Gilles rankontre plizyè asosiyasyon akonpanyatè moun ki fè VIH.

➡️ Jodi Jedi 22 me 2025 lan, konseye prezidansyèl Louis Gérald Gilles  fè yon rankont ak plizyè asosyasyon k ap akonpanye moun k ap viv ak VIH (PVVIH), pou tande enkyetid yo sou yon posib mank medikaman "antirétroviraux" (ARV) ak "PrEP" (prophylaxie pré-exposition), ki esansyèl pou prevansyon ak tretman VIH/SIDA.


Rankont sa a vini nan yon kontèks kote plizyè aktè nan domèn sante piblik, tankou ONUSIDA ak Fond Mondyal la, te deja lanse alèt sou risk mank finansman pou kontinye garanti medikaman sa yo an Ayiti. Daprè dènye rapò Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), plis pase 20,000 moun ap benefisye tretman ARV nan peyi a, e nenpòt entèripsyon nan sèvis sa yo kapab mete lavi moun sa yo an danje.


Louis Gérald Gilles pwomèt pou l pote vwa asosiyasyon yo devan otorite konpetan yo epi fasilite yon dyalòg ijan ak Ministè Sante a ak patnè entènasyonal yo, pou jwenn finansman dijans pou garanti aprovizyonman kontinyèl medikaman yo.


Plizyè lidè òganizasyon sivik salye ouvèti sa a, men yo kontinye mande pou gouvènman an mete an plas mekanis pèmanan ki asire sekirite terapi VIH la, espesyalman pou pi frajil yo.


Pami òganizasyon ki te patisipe nan rankont la, te gen Fondation SEROvie, COIN, ak Plateforme Haïtienne des PVVIH, ki mete aksan sou nesesite pou plis transparans ak planifikasyon alontèm nan sektè sante a.


Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page